Se twitter ki pèmèt Qwitter fonksyone

Kòmanse

Swiv etap sa yo pou itilize Qwitter.

  1. Kreye yon kont nan Twitter.
    Qwitter itilize yon sèvis ki rele sit wèb popilè ki rele Twitter pou fè majik li.
    Twitter pèmèt ou voye dènye enfòmasyon yo ba zanmi ou atravè sit wèb la, mesaj imedyat oswa telefòn selilè ou.
  2. Fè Qwitter konnen kilè ou fimen.
    Voye ba Qwitter kantite sigarèt ou fimen. Pou fè sa, afiche yon dènye enfòmasyon nan Twitter avèk fòma ki annapre a.
    @iquit 3

    Sa ap fè Qwitter konnen ou fèk te fimen 3 sigarèt. Chak jou, Qwitter ap ajoute ansanm tout afich ou te voye jou a epitou l ap ajoute yo nan grafik pwogrè ou.

    Yon lòt fason, afiche yon fwa pa jou avèk yon kantite total sigarèt ou fè plan pou fimen.
  3. Sovgade yon jounal.
    Ou kapab swiv panse ak santiman ou pandan w ap kite fimen. Voye ba Qwitter yon mesaj ki pa kòmanse avèk yon chif, epi Qwitter ap ajoute li nan jounal ou.
    @iquit Mwen vrèman vle fimen. Mwen swete sa ap vin pi fasil.
  4. Swiv pwogrè ou, mande lòt moun èd epi sispann fimen.
    Ale nan paj sit wèb ou nan http://qwitter.tobaccofreeflorida.com/qwitters/username pou wè tandans ou apre yon sèten tan. Pataje lyen sa a avèk lòt moun pou yo kapab ofri ou sipò ak ede ou pran responsablite ou.
*Nenpòt enfòmasyon ou voye ba Qwitter ap vizib pou piblik la wè. Pa divilge enfòmasyon prive ou ba Qwitter.

Itilizatè tabak san lafimen kapab jwenn benefis nan zouti Qwitter! Senpleman renplase kantite sigarèt avèk kantite tranpèt lè w ap voye mizajou yo.
Se TobaccoFreeFlorida.com ki pote enfòmasyon sa yo pou ou.
Kontakte Qwitter