Se twitter ki pèmèt Qwitter fonksyone

Senk Etap Pou Kite Abitid la

Li pa fasil pou kite tabak la, men sa kapab fèt. Etid yo idantifye senk etap kle k ap ede ou kite fimen pou toutbon. Si adopte yo tout, sa ap ba ou pi bon chans, kidonk nou rekòmande pou adopte tout teknik sa yo.

1. Prepare tèt ou

  • Fikse yon dat epi respekte dat la. Ou pa oblije rete tann demen oswa menm nan fen semenn lan. Chwazi yon dat dezoutwa semenn anvan pou ou kapab prepare tèt ou mantalman pou defi a. Men pa kontinye mete dat la annaryè depi w fikse li.
  • Chanje anviwònman ou yo. Retire tout prèv ki endike ou te janm itilite pwodui tabak. Sa vle di sigarèt, pwodui tabak san lafimen ak sandriye ki lakay ou, nan vwati ou ak nan espas travay ou. Retire alim-sigarèt ak sandriye ki nan vwati a si ou kapab. Netwaye tout rad ou epi mete yon flakon touyè odè pou mèb ou ak kapèt ou pou netralize odè yo.
  • Pa kite lòt moun fimen oswa itilize pwodui tabak bòkote ou. Lè ou lakay ou, pa kite lòt moun yo fimen, mache tabak nan bouch yo oswa itilize tranpèt lakay ou. Si sa posib, rete lwen ba ak restoran ki genyen anpil itilizatè tabak.
  • Retounen dèyè. Retounen nan premye tantativ yo pou kite sa ki pa t mache. Panse sou sa ki te mache ak sa ki pa t mache, Pa gen pwoblèm si w pa reyisi. Senpleman eseye aprann nan eksperyans lan pou w pa kontinye repete erè ou yo.
  • Pa twonpe tèt ou. Depi w kite, pa fimen, pa mache tabak nan bouch ou, pa itilize tranpèt oswa pa prete yon sibstans tabak nan men yon zanmi menm pou yon fwa. Sa ap lakòz ou kòmanse tabak la ankò.

2. Chèche Sipò

  • Di tout moun ou kite fimen. Mande zanmi ou, fanmi ou ak kòlèg travay pou yo ba ou sipò nan efò w ap fè pou kite fimen, epitou mande yo pou yo pa itilize pwodui tabak bòkote ou.
  • Diskite sou bagay yo avèk founisè swen medikal ou. Doktè ou, dantis ou oswa lòt pwofesyon swen medikal kapab ofri ou fid enpòtan konsènan efò ou yo, sitou sa ki gen pou wè ak byennèt ak byennèt fizik ak mantal ou.
  • Anvizaje jwenn konsèy. Tank ou jwenn plis sipò, tank w ap genyen plis chans pou kite tabak la. Genyen pwogram pou ede moun sispann tabak nan lopital lokal yo ak nan sant sante yo. Rele depatman sante lokal ou oswa kontakte QuitLine pou jwenn enfòmasyon sou pwogram ki nan zòn ou.

3. Aprann Nouvo Bagay

  • Jwenn divètisman nan lavi a. Yon bon fason pou distrè tèt ou nan dezi a se chanje woutin ou. Jwenn yon nouvo pastan, bwè te alaplas kafe oswa manje repa maten yon kote diferan. Angaje lespri ou nan lòt bagay alaplas dezi pou itilize tabak.
  • Aprann metrize estrès. Alaplas itilizasyon tabak la, anvizaje pran yon beny cho, fè egzèsis oswa li yon liv oswa yon magazin. Pa egzanp, si ou nan pòz nan travay ou, ale fè yon ti pwomennen alaplas rete bòkote lòt fimè.
  • Bay tèt ou yon rekonpans chak jou. Kite fimen se yon bagay ki mezire an ti viktwa. Jwenn yon bagay ou vrèman renmen epi rekonpanse tèt ou avèk li. Sa pa vle di manje anpil ba bonbon oswa pran dezoutwa vè alkòl. Alaplas sa, jwenn yon bagay ou vrèman renmen ki p ap ba ou pwoblèm adisyonèl.
  • Rete idrate. Swiv evolisyon konsomasyon likid epi asire ou rete idrate avèk dlo oswa lòt fliyid. Eseye rete lwen twòp soda, sitou sa ki genyen kafeyin yo.

4. Itilize Medikaman yo Kòrèkteman

Food and Drug Administration (FDA) apwouve senk medikaman pou ede ou kite tabak la.
  • Men medikaman sa yo:
    1. Bupropion SR—Disponib sou preskripsyon.
    2. Chiklèt Nikotin—Disponib san preskripsyon.
    3. Inalatè Nikotin—Disponib sou preskripsyon.
    4. Espre nazal Nikotin—Disponib sou preskripsyon.
    5. Patch Nikotin—Disponib san preskripsyon.
  • Chèche jwenn konsèy anvan itilizasyon. Pale avèk founisè swen medikal ou anvan ou pran nenpòt pwodui sa yo epi li enfòmasyon yo avèk atansyon.
  • Double chans ou yo. Si pwodui sa yo itilize kòrèkteman, yo kapab double chans ou pou kite tabak la.
  • Se pa tout moun ki ta dwe itilize yo. Si w ansent, si w ap eseye vin ansent, si w ap bay tibebe tete, si w poko genyen laj 18 tan oswa si w genyen yon kondisyon medikal, ou ta dwe pale avèk doktè ou paske kondisyon sa yo kapab afekte ou.

5. Prepare pou yon Rechit oswa pou Sitiyasyon Difisil

Si w pral fè yon rechit, anjeneral, sa ap pase nan twa premye mwa yo. Pa twò di ak tèt ou si w kòmanse itilize tabak ankò. Sonje, pifò moun dwe eseye kite plizyè fwa.
  • Alkòl. Pa bwè alkòl. L ap diminye chans siksè ou.
  • Lòt fimè yo. Si w rete bòkote lòt fimè, sa kapab fè ou vle kòmanse fimen ankò. Ou kapab vle evite sa tout ansanm si sa posib, sitou nan premye 90 jou yo.
  • Ou vin gwo ankò. Anpil itilizatè tabak ap vin gwo men sa p ap depase 10 liv anjeneral. Eseye konsève yon rejim alimantè ki bon pou sante ou epi fè egzèsis. Pa enkyete ou twòp si ou vin gwosi. Kite tabak la se objektif prensipal ou epi liv sa yo prale san pwoblèm apre ou fin reyalize dezi ou pou tabak la.
  • Move imè. Anpil itilizatè tabak genyen sot-imè oswa depresyon modere pandan y ap eseye kite tabak la. Chèche jwenn fason ki diferan ak itilizasyon tabak la pou abòde kondisyon sa yo.
Si w genyen pwoblèm avèk nenpòt nan sitiyasyon sa yo, pale sou sa avèk founisè swen medikal ou.


Fanm ansent ak nouvo manman yo. Depi w kite tabak la, ou pa kapab sèlman amelyore pwòp sante ou, men pwoteje sante tibebe ou tou.

Pasyan ki entène nan lopital. Depi w kite tabak la, ou kapab ankouraje pi vit pou geri alòske sa pa diminye chans pou konplikasyon oswa pou vin genyen pwoblèm sante adisyonèl.

Pasyan ki soufri atak kè. Depi w kite tabak la, ou kapab diminye risk ou anpil pou vin genyen yon dezyèm atak kè.

Pasyan ki genyen kansè poumon, kansè nan tèt ak kansè nan kou. Depi w kite tabak la, ou kapab diminye chans ou pou w vin genyen yon dezyèm kansè.

Paran timoun ak adolesan. Depi w kite tabak la, ou kapab pwoteje timoun yo kont efè fimen dezyèm men, avèk opresyon tou.
SOUS: United States Department of Health & Human Services, Office of the Surgeon General, "You Can Quit Smoking, Consumer Guide" http://surgeongeneral.gov/tobacco/quits.htm
Se TobaccoFreeFlorida.com ki pote enfòmasyon sa yo pou ou.
Kontakte Qwitter